Kou Rapid

An prezansyel oubyen an Liy 

  • Objektif

Nan objektif pou n ede plizyè jèn byen aprann nou mete sou pye yon atelye kote moun nan ap byen aprann paske nou konnen tout moun pa aprann menmjan e yo pa pran menm tan. Se pousa nou angaje n pou n fòme moun nan menm lè sa pran tan nap pran pasyans ak li pou jis lè li kapab.


  • Avantaj nou bay etidyan yo 
     
    1- Si yon etidyan gen pwoblem aprantisaj nap ede l menm lè sa ta pran plis ke 6 mwa li pap peye okenn frè aprè kòb li te bay la.
     
    2- Depi w son etidyan nan ASL opsyon w te aprann nan ou gen baryè lib ladanl. eg: siw pèdi pratik gen seminè nap òganize pou tout etidyan ki nan sitiyasyon sa e lèsa ou pap peye yon goud pou swiv li.
     
    3- Depiw son etidyan nan ASL ou pap peye lojisyèl epi wap gen aksè ak tout lojisyel eg: Microsoft Office, Corel Draw, Photoshop, Adobe Première, Video neat, Red giant, Fl Studio, Cubase, Nexus, Purity, Waves. ect..
     

  • Prensip pou yon etidyan benefisye avantaj yo
     
     
    1- Pou w benefisye avantaj 1 an fòk ou toujou prezan nan kou yo e alè.
     
    2- Pou w benefisye avantaj 2 a fòk ou fini avèk kou w tap aprann nan epi fòk ou fin peye kou a.
     
    Note byen : Si yon etidyan kanpe nan kou a pou yon rezon oubyen yon lòt san l pat anonse nou sa lèl tounen lap repeye kou a.

FELISITATION AK TOUT ETIDYAN KI FINI YO

Kisa wap tann 

Pou w vin pran opsyon pa w la

© 2024 Atelier STAR LOUD. Tous droits réservés.
Optimisé par Webnode Cookies
Créez votre site web gratuitement ! Ce site internet a été réalisé avec Webnode. Créez le votre gratuitement aujourd'hui ! Commencer